Depatman transpò Florid (FDOT), nan tèt kole ak konpayi lokal k ap travay avè l nan domèn transpò, talè kon sa pral mete yon pwojè ki rele Esprès 95 sou pye. En reyalite, Esprès 95 se 2 pwojè ki fè yon sèl:

  • Yon pwojè gran wout kote yo pral mete liy esprès
    nan sifas wout la ki deja la a, ak
  • Yon pwojè transpò piblik ki pral kreye koneksyon
    rapid pou moun ki sèvi ak transpò piblik ant
    Miyamided Konnti ak Brawòd Konnti.

Pòsyon I-95 ki mezire 33 kilomèt 80, soti lavil Miyami sou bò nò I-395 nan Miyamided Konnti, rive nan Pakin Brawòd Boulva kote moun pran tren oswa bis, sou bò nò I-595 nan Brawòd Konnti a, se li ki pral premye koneksyon enpòtan nan yon rezo liy esprès yo prevwa pou Sid Florid.

GRAN WOUT

San yo pa laji I-95 lan, y ap retrase wout la epi y ap fè ti travay tou lejè bò wout la, sa pral kreye yon liy anplis sou chak bò. Yo pral sèvi ak liy ki sèvi pou machin ki pote plizyè moun kounye a (HOV) ansanm ak liy tou nèf la kòm wout esprès ki pap gen anpil antre soti. Jan y ap retrase wout la pral gen 6 liy so chak bò. Sa ap fè 2 liy esprès ak 4 liy pou tout machin, menm kantite liy wout la genyen kounye a pou tout kalite machin. Yo pral sèvi ak poto plastik pou separe liy esprès yo ak liy ki la pou tout lòt machin yo, poto sa yo rele tib ki sèvi kòm separasyon.

Men ki kalite machin ki pral woule gratis sou liy esprès yo, bis Esprès 95 yo ak bis ki fè vwayaj long yo, venn Sèvis Sid Florid pou moun ki al travay chak jou (South Florida Commuter Services), machin ki mache ak gaz ak kouran ki enskri pou pase sou liy esprès yo, motosiklèt epi machin ki pote 3 moun oswa plis ki pral nan travay ansanm ki enskri. Pou lòt machin moute sou liy esprès yo, fò yo sèvi ak SunPass pou yo peye tòl. Pri tòl yo pral moute desan selon ki lè li ye nan jounen an yon fason pou sikilasyon an kapab woule lib nan liy esprès yo – omwen a yon vitès 50 mil alè – tout tan

Konsèp liy esprès la baze sou pri tòl dapre jan blokis la ye, sa vle di pri tòl la monte oswa li desann dapre kantite machin ki nan blokis. Pri tòl la ap pi wo nan lè gen plis aktivite sou wout la lè liy yo gen plis machin, epi pri a ap pi ba nan lè gen mwens aktivite sou wout la. Pri tòl dapre jan blokis la ye a ap

limite kantite machin k ap moute sou liy esprès yo epi y ap sikilasyon an woule lib. Epi tou, chofè machin ki deside rete nan liy regilyè pou yo pa peye tòl yo ta dwe santi yon ti soulajman lè lòt chofè deside sèvi ak liy esprès yo. Yo pral sèvi ak teknoloji avanse nan afè peye tòl pou yo kapab aplike pri k ap monte desann dapre jan blokis la ye a, epi pou yo kab bay chofè ki sou wout la enfòmasyon tousuit sou pri tòl yo ak jan sikilasyon an ap mache.

FDOT gen plan pou l mete Esprès 95 lan sou pye an 2 faz. Premye faz la ap nan Miyamided Konnti sèlman. Faz IA y ap ouvè liy esprès yo sou bò ki ale nan direksyon nò a sèlman ant I-195 ak

Goldenn Gled la yon lè kon sa nan ete 2008 la. Blokis ki genyen kounye a sou SR 112 ak I-195 ap elimine paske y ap laji enpe nan pon yo. Sa pral pèmèt yo fè 2 liy esprès anba pon yo. Akòz travay sa a, nan faz IB yo pral ouvè liy esprès sou bò ki ale nan direksyon sid la sot nan Goldenn Gled ak al jis nan I-395 nan ete 2009 la, epi y ap ouvè liy esprès sou bò ki ale nan direksyon nò a ant I-395 ak I-195. Nan Faz II, yo pral ouvè soti nan Goldenn Gled rive sou I-595 nan prentan 2010.

Poutèt liy esprès nan Esprès 95 lan fèt pou trajè ki long, pap gen anpil kote pou moun monte sou yo. Men ki kote antre yo ap ye, nan Pakin Brawòd Boulva pou moun ki pral pran tren oswa bis, tou pre lizyè ant Miyamided Konnti ak Brawòd Konnti, sou bò sid Goldenn Gled la ak sou bò nò I-395.

Liy esprès yo pral ofri yon lòt chwa moun kapab fè konfyans pou yo itilize lè yo bezwen yo!

TRANSPÒ PIBLIK

Yon pati k ap enpòtan nan Esprès 95 lan se lè y ap mete nouvo bis esprès (BRT) yo sou pye epi y ap pwolonje trajè yo. Bis sa yo pral ofri yon sèvis dirèk san transfè pou pasaje ki vwayaje ant Miyamided Konnti ak Brawòd Konnti

Òganizasyon planifikasyon metwopoliten Brawòd Konnti a ansanm ak Depatman transpò piblik Brawòd Konnti a ap pwopoze pou yo mete yon sistèm Bis esprès transpò piblik sou wout US 441/SR 7 nan, yon pòsyon wout ki gen yon trajè bis kounye a ki mennen nan Pakin Goldenn Gled tou pre I-95 lan pou moun ki pral pran tren oswa bis. Pou kounye a, pasaje yo pran transfè kote sa a pou yo moute bis transpò piblik Miyamided Konnti yo sou Esprès 95 lan, bis sa yo bay sèvis transpò ki mennen anba lavil Miyami sou liy HOV I-95 lan ki toujou chaje ak machin. Ak BRT ki parèt kounye a epi ak liy esprès yo mete sou pye la a, pasaje pap bezwen transfè nan Goldenn Gled ankò, epi tan yo pase nan bis la ap koupe an de. Sa pral fè kòm si yo mete de fwa lavalè bis sou wout la.

Estrateji operasyon/fonksyònman Esprès 95 lan pral genyen 5 trajè bis anplis ak prèske 23 bis tou nèf ki pa bay twòp lafimen gaz. Bis sa yo ap soti plizyè kote nan Brawòd Konnti ak nan sid Panmbitch Konnti. Twa nan trajè sa yo pral ofri sèvis transpò esprès dirèk ki mennen lavil Miyami. Pou kòmanse, y ap sèvi ak liy HOV ki la kounye a epi apre sa yo pral sèvi ak liy esprès yo. De nan trajè sa yo pral ofri sèvis bis esprès sou wout prensipal ki ale nan direksyon ès ak wès nan Brawòd Konnti ak Panmbitch Konnti. Tout trajè bis yo ap gen priyorite nan limyè wouj pou redui nan valè tan bis yo pase pandan yo kanpe anba limyè wouj epi pou amelyore tan pasaje yo pase nan bis sou plizyè trajè prensipal ki ale nan direksyon nò sid ak direksyon ès wès. Men rezilta nouvo sèvis sa yo pral bay: mwens blokis, sikilasyon an ap pi rapid sou gran wout la, mwens danje sou wout yo epi moun ap fè mwens tan nan wout.

Yo pral peye BRT a ak lajan ki fèt nan kòb bis yo ak kòb tòl yo, alò FDOT ansanm ak patnè li yo nan Depatman transpò piblik nan Miyamided Konnti ak Brawòd Konnti pral kolabore ansanm pou yo moute yon plan ki fèt pa faz, yon plan k ap pi bon pou lajan ki fèt nan kòb tòl yo. Lè sèvis la kòmanse, pap gen lajan tòl ki pral disponib, se sa k fè yo pwopoze yon pwogram ki abòdab pou demare ak liy esprès yo. Men sa ki ka nan pwogram nan,

  • Pwolonjman 2 trajè bis BCT genyen kounye a ki pase pa Goldenn Gled pou rive anba lavil Miyami: 441 Breeze ak Route 2 Breeze,
  • Pwolonjman sèvis Esprès I-95 lan (ki ale kounye a sèlman ant Goldenn Gled la ak tou pre zòn nò Miyamided Konnti rive anba lavil Miyami) pou fè l rive nan Pakin Brawòd Boulva ak Pakin Sheridan Street pou moun ki pral pran tren oswa bis nan Brawòd Konnti,
  • Nouvo sèvis BCT ès wès sou Aliwoud Boulva pou konekte ak liy esprès yo sou bò sid Hallandale Beach Boulevard.

Premye pwogram sèvis sa a pral mete 3 trajè rejyonal nò sid ak yon avantaj anplis k ap elimine afè pasaje bezwen yon transfè nan Pakin Goldenn Gled pou moun k ap pran tren oswa bis la ant sistèm bis yon Konnti ak sistèm bis yon lòt konnti.

Yo prevwa lajan ki fèt nan kòb tòl liy esprès yo pral sèvi pou ede finanse lòt faz ki rete nan plan BRT a. Graf sa a montre egzekisyon premye plan sèvis sa a ki fèt pa faz la ak plan final sèvis yo pwopoze a.
Si w ta renmen jwenn plis enfòmasyon sou pwojè sa a, FM 415456-1, FM 422796-1, ak FM 422796-2, ou te mèt kontakteMesye Djonn Òlsonn (Mr. John Olson), P.E. nan 954-777-4452 oswa nan imel john.olson@dot.state.fl.us pou Distri 4 nan Brawòd Konnti, oswa Mis Debora Rivera, P.E. nan 305-4705335 nan imel debora.rivera@dot.state.fl.us pou Distri 6 Miyamided Konnti.

Klike la a pou wè Fèy enfòmasyon an (PDF)

Klike la a pou wè Fèy enfòmasyon Limyè wouj sou ranp yo (PDF)

Back to the top